Home Page
cover of Ann fè yon ti pale sou planèt Venus
Ann fè yon ti pale sou planèt Venus

Ann fè yon ti pale sou planèt Venus

Captain AstroCaptain Astro

0 followers

00:00-13:38

Venus fè pati 4 planèt telirik sistèm solè a, 4 planèt ki sou anndan sistèm nan, e nan tout 8 planèt yo se li ak Mercure ki pa gen lalin. Ann fè yon ti pale sou planèt Venus, yon bèl planèt nan syèl la ki konn parèt byen bonè, lè Solèy la ap leve, oswa lè Solèy la fèk kouche. Tande ak wè kèk detay sou planèt sa ak Captain Astro. https://haitiastronomie.blogspot.com/2023/11/ann-fe-yon-ti-pale-sou-planet-venus.html https://haitiastronomie.blogspot.com/2023/11/parlons-de-la-planete-venus.html

Podcastplanetvenuskreyolaysyenayiticaptainastroastwonomi
66
Plays
0
Downloads
0
Shares

Audio hosting, extended storage and much more

AI Mastering

Transcription

Planèt Venus sitiye'l a 108 million km de Solèy la, kidonk planèt Mercure pi prè zetwal nou an ke li. Venus pran 224.7 jou terès pou fè tou Solèy la, savledi yon ane sou Venus pi kout ke yon ane terès: sa fè 0.6 x ane terès (1 ane sou Venus = 60% ane terès). E li pran 243 jou wi pou vire sou aks wotasyon'l, an mòd alanvè silvouplè, savledi li gen yon wotasyon retwograd. Si ou ta kanpe sou sifas Venus, ou tap remake Solèy la leve a lwès pito, alòske ou abitye wè Solèy la leve a lès sou Latè. Nan sistèm solè nou an, se sèl 2 planèt, Venus ak Uranus, ki gen wotasyon retwograd sa. Men, atansyon, pa konfonn li ak sans mouvman revolisyon an ki se menm pou tout 8 planèt yo, san esepsyon: Venus ap vire otou Solèy la nan sans nòmal, pwograd, sistèm solè a, a 35 km/s an moyèn. Òbit li gen fòm eliptik menmjan ak lòt planèt yo, menmsi nivo elips la pa menm pou tout. Se sa astwonòm yo rele eksantrisite. Venus fè pati 4 planèt telirik sistèm solè a, 4 planèt ki sou anndan sistèm nan, e nan tout 8 planèt yo se li ak Mercure ki pa gen lalin. Pa gen lavi nonplis sou planèt sa, nou konnen se sèl sou Latè ki gen lavi nan sa nou rive konprann jiskaprezan nan tout rechèch lasyans fè: savledi tou fòk nou pwoteje ti planèt Latè nou an anpil anpil. Fò'n di politisyen yo sa tou wi. Pozisyon'l sou anndan sistèm nan fè nou ka wè lè l'ap pase devan Solèy la. Se yon sòt de eklips wi, men parapò ak dyamèt angilè'l ki piti piti anpil, sa pa ka bay fè nwa sou Latè menmjan ak eklips solè total lè Lalin nou an ap pase devan Solèy la. Astwonòm yo rele kategori eklips sa tranzit pito. Bon, tranzit Venus, se yon fenomèn ki rare wi, paske sa konn pran yon syèk wi pou resi wè yon paire eklips. E wi, astwonòm yo pito klase yo par 2. Tankou nan syèk nou ye la, te gen transit Venus devan Solèy la nan lane 2004 ak 2012, e pwochen dat pou paire tranzit yo se, tande byen wi, 2117 ak 2125. Mwen, m'pap ka la. M'pa konn pou ou? Nou te ka di planèt Venus sanble ak Latè si'n pran an konsiderasyon gwosè'l (12104 km de dyamèt), mas li (0.8 x mas Latè), savledi kantite matyè ki rasanble pou te fòme'l, ak tou mas volimik li (5240 kg/m3). Gravite sou sifas li 0.9 fwa gravite Latè. Men konsa tou gen diferans ant planèt sa yo: dabò, li kouvri ak nyaj ki pwès anpil e ki fèt sitou ak asid silfirik. Bagay sa fè astwonòm yo pa ka byen obsève sifas li apati de Latè, alò yo pa ka wè'l lè yo itilize limyè vizib. Se sèlman gras ak limyè ond radyo, kidonk radyoastwonomi, yo rive wè relyèf sou sifas li.... Li gen yon atmosfè ki gen anpil gaz kabonik, men nyaj yo gen sitou asid silfirik ki mele ak pousyè "souffre", sa ki lakoz li parèt jon. Astwonòm yo panse se ta volkan aktif sou sifas li ki ta lakoz prezans "souffre" nan nyaj yo konsa, kòmkwa detanzantan ta gen renouvèlman matyè sa nan atmosfè Venus. Anpil gaz nan atmosfè planèt sa fè'l reflechi, depi anlè, 75% nan limyè Solèy ki rive jwenn li, se sa teknikman astwonòm yo rele albedo. Kidonk li parèt tankou yon zetwal ki klere anpil pou nou nan syèl la lematen jis avan Solèy la leve oswa leswa lè Solèy la fèk kouche, selon moman an sou òbit li. Se poutèt sa yo konn rele'l “étoile du Matin”, bon, nan kilti pa'n, yo konn rele'l “zetwal bayakou”, paske ta sanble bayakou yo te konn ap veye kou'l parèt nan syèl la douvanjou pou yo kouri kite dyòb yo, al lakay rapidman pou moun pa gentan wè yo...bon, “il n'y a pas de sot metier!”, sof bandi biensur. Fò'n konnen tou ke tanperati sou sifas planèt sa pap jwe ditou, se li ki pi wo nan tanperati tout planèt nan sistèm solè a. Li rive 480oC. Ou tande, ou ta konpran ke planèt Mercure ki pi prè Solèy la ta pi cho, ebyen se Venus ki pi lwen Solèy la parapò ak Mercure ki pi cho. Tou sa, paske li gen yon atmosfè ki pwès e ki gen anpil dyoksid kabòn ak "souffre" ladann ki tou kenbe chalè planèt la ap bay. Se yon fenomèn ki rele effet de serre kote reyon Solèy ki rive antre al sou sifas li, e ki reflechi sou fòm IR (enfrawouj), pa rive sòti vre pou ale retounen nan lespas. Pi fò pati nan IR (enfrawouj) sa retounen sou sifas Venus pou fè'l pi cho toujou...tout va e vyen sa ak reyon IR (enfrawouj) la fè tanperati a ap ogmante san gad deyè: se sa yo rele effet de serre deraye...gras ak gaz dyosid de kabòn ak dyoside de "souffre" ki nan atmosfè a. Bon, sa pa fè'n sonje sa k'ap pase sou Latè kounyea? Nou pa gen tout kantite dyosid de "souffre" ak dyosid kabòn nan atmosfè nou an konsa, erezman, men gras ak revolisyon endistryèl ki ede'n nan fason pa'l, e gras tou ak vapè dlo ak lòt gaz à effet de serre lèzom lage nan atmosfè nou an, nou komanse gen bonjan chalè sou Latè tou...Bon, li pa nan nivo Venus, li poko, men lè'n konprann sa'k rive sou planèt sa, sa pote'n reflechi e aji kont chanjman klimatik k'ap enstale'l sou Latè. Dosye sa pa fi'n klè nèt non pou tout peyi. Genyen ki pa dakò, menmsi si'n poko jwenn planèt de resèv pou'n ta emigre...bon, annatadan nou travèse de planèt an planèt, n'ap travèse de peyi an peyi kòm refijye klimatik. Kòm noumenm, Aysyen, nou abitye nan zafè refijye sa, menmsi nan moman an se pou ensekirite ak move politik... Ann tounen nan sijè a ki se Venus. N'ap remake jan etid Venus ka pèmèt nou konprann fonksyonman Latè: fò'n pa toujou kwè ke astwonomi se yon syans ki anlè anlè sèlman! Limyè optik, savledi limyè nòmal moun ka wè, pa pèmèt astwonòm yo gade sa k'ap pase anba atmosfè Venus, bon, nou te di'l deja. Depi nan ane 1960s yo, Ameriken ak Sovyetik yo te komanse ap mete aparèy otou Venus pou etidye planèt la, men blendaj aparèy Sovyetik yo te pi solid, e yo te gen pi gwo fize tou pou pote gwo bagay lou sa yo nan lespas. Se sa ki fè ke se yo sèlman ki rive poze yon aparèy, Venera 7, sou sifas planèt sa nan lane 1970. Se konsa, jouk nan ane 1980s yo, syantifik yo rive jwenn bonjan foto ak lòt enfòmasyon sou sifas la. Yo rive konfime, paegzanp, gwo tanperati sou sifas la ak strikti kouch nyaj yo par anba. Yo rive konprann tou striki bazaltik kèk wòch an sifas. Sifas Venus cho anpil, jan nou te di'l talèa, 480o Celsius, men plis w'ap monte an altitid tanperati a ap desann tou wi, e presyon atmosferik la, ki se 98 fwa pa Latè, ap desann tou an altitid. Se paske dansite gaz atmosfè a ap diminye natirèlman plis w'ap monte pi wo. Pou'w ka gen yon ide de jan presyon atmosferik la fò sou sifas Venus, an konparezon, fò ta desann a 920 mèt anba dlo lanmè sou Latè...se pa ti presyon piti non zanmi! Sifas Venus plat anpil, menmlè gen kèk ti kolin ki pa apik. Fò'w pa sezi pou konnen sifas li pa gen anpil kratè menmjan ak sifas Mercure oswa Lalin. Se paske atmosfè a entèsepte e detwi meteorit ki ta eseye antre yo. Pi gwo yo rive kanmen, men pi fò lòt yo detwi depi anlè nan atmosfè a. Anplis, dinamism sifas la, ak volkan yo, ka remodle sifas la pou fè anpil enpak, ki ta rive fèt kanmenm, efase...Sa ta sanble ak Latè wi, la tou, sof ke Latè gen anplis yon mouvman global plak tektonik ke Venus pa genyen. Sou sifas Venus, li fè jon, si'm ka di'l konsa: li pa fè kle menjan ak sou Latè, paske atmosfè a gen yon seri de gwo nyaj jon ki kouvri an pemanans, e gen asid silfirik an sispansyon ki konn bay ti lapli, men liquid asid sa pa rive sou sifas la akoz jan presyon atmosferik la wo anpil la. Bon, sou sifas la, gen volkan aktif wi. Te konn gen dout sou aktivite volkanik yo, men depi lè sond LaNASA te dekouvri, nan lane 2015 epi an 2020 tou pandan Solar Parker probe te sou wout li, kèk gwo kout zeklè tankou sa'k konn fèt nan kèk volkan sou Latè, astwonòm yo vinn konfime ansyen soupson yo. Anplis desa, "souffre" se yon eleman ki volatil anpil, savledi menmsi li la, li pa sipoze la pou lontan, kidonk ou pa ta sipoze ap kontinye jwenn anpil "souffre" konsa nan atmosfè a. Savledi gen yon renouvèlman kontinyèl k'ap fèt a travè aktivite volkan yo. Astwonòm yo idantifye 2 kontinan sou Venus: yo rele yo Aphrodite Terra ak Ishtar Terra, 2 non ki sòti nan mitoloji ki reprezante deyès lanmou...bon...deja non planèt la ale nan sans sa, nou konprann. Anfèt, 2 kontinan sa yo se 2 zòn kote sifas la leve pi wo parapò a rès zòn plat ki kouvri 65% planèt la. Gras ak sond ki rete an òbit otou planèt la, k'ap itilize ond radyo pou penetre atmosfè a, syantifik yo rive fè katografi konplèt planèt la, yo konnen tout relièf ki genyen. Paegzanp, nou konnen kontinan Itshar Terra a, ki sitiye'l nan emisfè nò planèt la, gen gwosè Australie sou Latè. Li antoure par yon seri de gwo mòn; youn ladan yo wo anpil, yo ba'l non Maxwell e li gen yon altitid de 11 km, ki pi wo ke ti mòn Everest sou Latè ki mezire sèlman 9 km, e ki se mòn ki pi wo sou Latè. Bon, Aphrodite Terra limenm, ki ouvè kò'l sou 16 000 x 2 000 km, gen gwosè mwatye Lafrik. Alò, fò'n, konprann, yo se kontinan parapò ak nivo global rès planèt la. Pa gen dlo sou Venus. Eske te gen dlo lontan? Ta sanble te ka gen dlo lontan, men ak tanperati li genyen an, jan nou sot wè'l la, tout dlo a ta evapore depi lontan. Pou strikti entèn planèt la, poko gen bonjan enfòmasyon, sitou ke poze e rete lontan sou sifas la pa fasil: menm sond sovyetik yo pat dire lontan non sou sifas la. Mezi tan yo te fè a, se rapid rapid voye enfòmasyon sou Latè wi, avan yo fonn. Men astwonòm yo rive konprann gen yon manto ki aktif an konveksyon, e nwayo a, ki gen fè ak nikèl, pa ka pwodwi yon bonjan chan mayetik, sitou ke wotasyon planèt la pran tan, nou sonje, m'te di nou li fèt an 243 jou terès, e pa bliye, li retwograd. Gen kèk ti chan mayetik lokal wi, men pa gen bon jan chan mayetik tankou pou Latè. An rezime pou eksplorasyon planèt sa, gen 4 sond spayal ki rive fè travay sa: te gen Venera yo, nou te pale de yo deja, se sèl fanmi aparèy ki te rive poze e fè travay li pou yon ti tan; te gen Mariner 2 nan lane 1962 ak Magellan nan lane 1990s yo, se LaNASA ki te voye yo. Epi te gen Akatsuki, peyi Japon ki te lanse'l, e ki te rive mete'l an òbit tou otou planèt la nan lane 2015. Venus rete yon planèt ki bèl anlè nan syèl la, li pa pote non'l pou anyen vre!. Nou sot fè yon ti rale sou sa nou rive konnen sou li, men gen pwojè pou al eksplore'l plis toujou. N'ap swiv, rete branche sou chanèl la, pataje, like. Captain Astro la pou ede'w konprann e ou ka poze kestyon ou vle sou astwonomi sou rezo sosio yo oswa sou telefòn 38407775. Kenbe la malgre pwoblèm peyi'n ap travèse. A byento.

Listen Next

Other Creators